Akdèzapot 5:4
Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Lè Ananyas tande pawòl sa yo, li tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki tande nouvèl la te pè anpil.
Cross References
Exodus 35:21Apre sa, tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo, ki te vle fè ofrann, tounen vin jwenn li. Yo te pran nan sa yo genyen, yo pote ofri bay Seyè a pou fè Tant Randevou a, pou fè tout bagay yo bezwen pou sèvis li ansanm ak rad seremoni yo.
Numbers 16:11Lè ou menm ak tout bann mesye ou yo n'ap plenyen konsa sou do Arawon, kisa Arawon ye nan sa? Konnen se kont Seyè a menm wi nou pran pozisyon.
1 Samuel 8:7Seyè a di Samyèl ankò: -Ou mèt koute tou sa pèp la di ou. Paske se pa ou menm y'ap voye jete, se mwen menm menm y'ap voye jete. Yo pa vle m' pou wa yo ankò.
1 Chronicles 29:3Men, pou mete sou tou sa mwen pare pou kay n'ap mete apa pou Seyè a, mwen pran lò ak ajan mwen te genyen, mwen bay tout paske mwen renmen kay Bondye a anpil:
1 Chronicles 29:9Pèp la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Seyè a paske yo te fè l' ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil.
Job 15:35Lè yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe. Se pwòp tèt li l'ap twonpe.