Amos 1:4
M'ap voye dife sou kay kote wa Azayèl rete a. Dife a ap boule gwo kay wa Bennadad la ra tè.
Bib La
In The King James Version
But I will send a fire into the house of Hazael, which shall devour the palaces of Ben-hadad.
In Context
Cross References
Judges 9:57Bondye te fè moun lavil Sichèm yo soufri pou mechanste yo te fè lòt moun soufri. Se konsa, madichon Jotam, pitit gason Jewoubaal la, te wè pou yo a rive yo vre.
1 Kings 20:1Bennadad, wa peyi Siri a, reyini tout lame li a. Trannde lòt wa, avèk tout chwal yo ak cha lagè yo, vin mete tèt ansanm avè l'. Bennadad mache sou lavil Samari. Li sènen l', li atake l'.
2 Kings 8:7Apre sa, Elize ale lavil Damas. Bennadad, wa peyi Siri a, te malad. y' al di wa a pwofèt la te nan lavil la.
2 Kings 13:25Wa Joas, pitit gason Joakaz, repran nan men Bennadad tout lavil Azayèl te pran yo lè li t'ap fè lagè ak Joakaz la, papa l'. Joas bat Bennadad an twa fwa, li reprann tout lavil peyi Izrayèl yo nan men l'.
Jeremiah 17:27Tansèlman, si nou pa koute m', si nou pa mete jou repo a apa pou Bondye, si jou sa a nou pote chay, si nou kite moun antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ak chay, m'ap mete dife nan pòtay li yo. Dife a va boule tout gwo kay lavil Jerizalèm yo. Pesonn p'ap ka touye dife sa a.
Ezekiel 30:8Lè m'a mete dife nan peyi Lejip, lè tout moun ki t'ap goumen pou li yo va tonbe mouri, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.