1 Kings 20:1
Bennadad, wa peyi Siri a, reyini tout lame li a. Trannde lòt wa, avèk tout chwal yo ak cha lagè yo, vin mete tèt ansanm avè l'. Bennadad mache sou lavil Samari. Li sènen l', li atake l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Li voye mesaje anndan lavil la bò kote Akab, wa peyi Izrayèl la,
Cross References
Exodus 14:7Li pran sisan (0600) cha nan sa ki te pi bon yo. Tout lòt cha yo te ale tou. Yo tout te gen sòlda ame sou yo.
Deuteronomy 20:1Lè nou soti pou n' al goumen kont lènmi nou yo, epi nou wè yo gen plis chwal, plis cha lagè ak plis moun pase nou, nou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, l'ap kanpe la avèk nou.
Judges 1:7Lè sa a, Adonibezèk di: -Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m' sa m' te fè yo a. Yo mennen msye lavil Jerizalèm. Se la li mouri.
1 Samuel 13:5Moun Filisti yo menm, bò pa yo tou, sanble pou y' al atake pèp Izrayèl la. Yo te gen trantmil (030.000) cha lagè, simil (06000) kavalye. Pou sòlda apye menm, moun pa t' ka konte sa. Ou ta di grenn sab bò lanmè. Yo moute al pran pozisyon bò lavil Mikmas, sou bò solèy leve lavil Bètavenn.
1 Kings 15:20wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te voye di l' la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Iyon, lavil Dann, lavil Abèl-bèt Maka, tout zòn ki toupre letan Galile a, ak tout pòsyon tè branch fanmi Neftali a.
1 Kings 20:16Vè midi, yo soti al atake pandan Bennadad ansanm ak trannde lòt wa ki t'ap mache avè l' yo t'ap bwè anba tant yo.