bible.software › Amos › Amos 2 › Amos 2:3
Amos 2:3
M'ap touye chèf k'ap gouvènen nan mitan yo ansanm ak tout lòt chèf ki nan peyi a. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
And I will cut off the judge from the midst thereof, and will slay all the princes thereof with him, saith the LORD.
In Context
2M'ap voye dife nan peyi Moab la. L'a boule gwo kay lavil Keriyòt yo ra tè. Moun Moab yo ap mouri nan mitan batay la, antan moun k'ap goumen yo ap rele byen fò, epi klewon ap kònen.
4Seyè a di konsa: Moun peyi Jida yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo voye sa mwen te moutre yo a jete. Yo p'ap fè sa m' te ba yo lòd fè a. Yo kite menm zidòl zansèt yo te sèvi a fè yo pèdi wout yo.
Read all of Amos 2
Cross References
Numbers 24:17Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo.
Isaiah 40:23Li wete tout pouvwa wa yo te genyen. Li fè chèf k'ap dirije lèzòm sou latè yo pase pou anyen.
Jeremiah 48:25Yo kraze lògèy moun Moab yo. Yo kraze kouraj yo. Se mwen menm Seyè a ki pale.
This Verse In Other Editions
Study Amos 2:3