Amos 2:4
Seyè a di konsa: Moun peyi Jida yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo voye sa mwen te moutre yo a jete. Yo p'ap fè sa m' te ba yo lòd fè a. Yo kite menm zidòl zansèt yo te sèvi a fè yo pèdi wout yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Se poutèt sa, m'ap voye dife nan peyi Jida a. L'a boule gwo kay lavil Jerizalèm yo ra tè.
Cross References
Deuteronomy 31:16Seyè a di Moyiz: -Ou pral mouri. Ou pa lwen al jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Men, apre ou fin mouri, pèp la pral leve, yo pral vire do ban mwen pou y' al kouri dèyè lòt bondye y'ap sèvi nan peyi lòt nasyon kote nou pral antre a. Wi, yo pral lage m', yo pral kase kontra m' te pase avèk yo a.
Judges 2:11Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Y' al sèvi Baal yo.
2 Samuel 12:9Poukisa atò ou pa swiv lòd mwen yo? Poukisa ou fè mechanste sa a? Ou fè yo touye Ouri nan lagè, ou kite moun Amon yo touye l'. Lèfini, ou pran madanm li!
2 Kings 22:11Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan liv la, li chire rad sou li a sitèlman li te sezi.
2 Chronicles 30:7Piga nou fè tankou zansèt nou yo ak lòt frè parèy nou yo ki pa t' kenbe pawòl yo ak Seyè a, Bondye yo a. Nou wè jan li te kite yo fini.
Nehemiah 1:7Nou aji mal anpil avè ou. Nou pa swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout regleman ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, pou nou.