Amos 2:9
Men, nou menm pèp mwen, se pou nou mwen te detwi moun Amori yo nèt, yon bann moun ki te wo tankou pye palmis, ki te gen kouraj tankou pye bwadchenn. Mwen koupe branch yo ra tè. Mwen dechouke rasin yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Numbers 13:28Men, moun ki rete nan peyi a gwonèg anpil. Lavil yo gran, yo byen pwoteje. Sa ki pi rèd nou wè yon kalite ras moun gwonèg bèl wotè.
Numbers 21:23Men, Siyon pa t' vle kite pèp Izrayèl la pase sou tè li yo. Li leve tout pèp l' a, li mache sou moun pèp Izrayèl yo, l' al kontre ak yo yon kote nan dezè a yo rele Jaza, l' atake yo.
Deuteronomy 1:28Kote nou prale koulye a? Moun nou te voye yo dekouraje nou. Yo di nou moun ki nan peyi sa a pi fò pase nou, yo pi bèl wotè pase nou. Lavil yo gran anpil ak gwo ranpa byen wo ki rive jouk nan syèl la. Nou te menm wè kèk moun ras Anak yo la tou.
Deuteronomy 2:24Seyè a di m' ankò: Leve, ranmase tout zafè nou yo. Pase lòt bò ravin Anon an. Mwen pral lage Siyon, moun peyi Amori ki wa lavil Esbon an, ansanm ak tout peyi li a nan menm nou. Atake l', konmanse pran peyi a pou nou.
Deuteronomy 9:1Koute byen, nou menm pèp Izrayèl! Lè a rive, jòdi a nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al anvayi peyi ki pou nasyon ki gen plis moun pase nou, nasyon ki pi fò pase nou. Nou pral pran yon bann gwo lavil ki gen ranpa wotè syèl la pou pwoteje yo.