Amos 2:10
Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen mennen nou pandan karantan nan dezè a. Mwen ban nou peyi moun Amori yo pou peyi pa nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Exodus 20:2-Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te esklav la.
Numbers 14:31Nou te di pitit pitit nou yo pral tonbe anba men lènmi nou yo. Men, se yo menm m'ap fè antre nan peyi nou menm nou refize al pran an.
Deuteronomy 1:20Lè sa a, mwen di nou: Men nou rive nan mòn peyi Amori yo, peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an.
Deuteronomy 2:7Chonje byen, Seyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tou sa n'ap fè. Li te pran swen nou pandan tout tan nou t'ap moute desann nan gwo dezè a. Sa fè karantan depi Seyè a la nan mitan nou, nou pa janm manke anyen.
Joshua 24:8Lèfini, mwen fè nou antre nan peyi moun Amori yo, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve. Yo leve goumen ak nou. Men mwen lage yo nan men nou. Nou pran peyi yo a pou nou. Mwen disparèt yo devan nou kote nou pase.