Deuteronomy 9:1
Koute byen, nou menm pèp Izrayèl! Lè a rive, jòdi a nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al anvayi peyi ki pou nasyon ki gen plis moun pase nou, nasyon ki pi fò pase nou. Nou pral pran yon bann gwo lavil ki gen ranpa wotè syèl la pou pwoteje yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:1Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann, yo sanble bò kote Arawon, yo di l' konsa: -Ann debouye nou fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa ki rive l'.
Numbers 13:28Men, moun ki rete nan peyi a gwonèg anpil. Lavil yo gran, yo byen pwoteje. Sa ki pi rèd nou wè yon kalite ras moun gwonèg bèl wotè.
Deuteronomy 1:28Kote nou prale koulye a? Moun nou te voye yo dekouraje nou. Yo di nou moun ki nan peyi sa a pi fò pase nou, yo pi bèl wotè pase nou. Lavil yo gran anpil ak gwo ranpa byen wo ki rive jouk nan syèl la. Nou te menm wè kèk moun ras Anak yo la tou.
Deuteronomy 4:1Apre sa, Moyiz di pèp la: -Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, se pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen te moutre nou yo. Se pou nou mache dapre lòd sa yo pou nou ka viv, pou nou ka antre nan peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an.
Deuteronomy 7:1Seyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perèz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Deuteronomy 11:31Nou prèt pou nou janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al pran pou nou peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. N'a pran peyi a pou nou, n'a rete ladan l'.