The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 21 › Isaiah 21:10

Isaiah 21:10

Nou menm, pèp mwen an, mwen te fwote nou anba pye m' tankou moun fwote diri sou glasi. Men, koulye a m'ap fè nou konnen bon nouvèl mwen te tande a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki te fè m' konn sa.

Bib La

In The King James Version

O my threshing, and the corn of my floor: that which I have heard of the LORD of hosts, the God of Israel, have I declared unto you.

In Context

9Lè sa a, yon lame kavalye parèt. Y'ap mache vini de pa de. Gad la bay nouvèl la. Li di: Lavil Babilòn tonbe! Wi, li tonbe! Tout estati zidòl yo tonbe plat atè, yo kraze!

11Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Edon yo: -Yon moun rete peyi Seyi, l'ap rele m'. Li di m': Ey, gad! Kilè li ye? Konbe tan ankò pou nwit lan bout? Konbe tan ankò anvan solèy leve?

Read all of Isaiah 21

Cross References

1 Kings 22:14Men, Miche reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye vivan an, sèvi m' temwen. Sa Seyè a va di m' di se sa m'a di.

Isaiah 28:28Lè y'ap bat ble a pou degrennen l', yo pa bat li san rete. Yo konnen jan pou yo fè woulo a pase sou ble a san yo pa kraze grenn yo.

Jeremiah 23:28Lè yon pwofèt fè yon rèv, se pou l' di se yon rèv li fè. Men, pwofèt ki resevwa mesaj mwen, li fèt pou l' bay mesaj la jan l' ye a. Piga nou pran pay la pou grenn lan. Se Seyè a menm ki di sa.

Ezekiel 3:17-Nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou nasyon Izrayèl la. W'a tande mesaj m'a ba ou, w'a avèti yo pou mwen.

Micah 4:13Seyè a di: Nou menm moun lavil Siyon, leve non! Foule lènmi nou yo anba pye nou! M'ap ban nou fòs, n'ap tankou towo bèf ki gen kòn ak zago fè. N'ap kraze anpil nasyon an miyèt moso. N'a pran tou sa yo genyen ansanm ak tout richès yo, n'a ofri yo ban mwen, mwen menm Seyè a, ki mèt tout latè.

Matthew 3:12Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 21:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 21:9Isaiah 21Isaiah 21:11 →