Amos 7:15
Men, Seyè a pran m' nan pye travay mwen, dèyè bèt mwen yo, li ban m' lòd pou m' al fè pèp Izrayèl la konnen mesaj li voye ba yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 7:8Koulye a, men sa w'a di David, sèvitè m' lan: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp mwen an.
Psalms 78:70Li te chwazi David, yon moun ki t'ap sèvi l'. Li wete l' dèyè mouton li t'ap okipe yo,
Ezekiel 2:3Li di m' konsa: -Nonm o! M'ap voye ou bò kote moun pèp Izrayèl yo. Se yon bann moun ki pa t' vle koute m', yo te vire do ban mwen. Jouk koulye a y' ap kenbe tèt avè m' tankou zansèt yo te fè l' nan tan lontan.
Matthew 4:18Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.
Luke 24:46Li di yo: Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l' soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l' soti vivan nan lanmò.
Acts 4:20Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande.