Amos 4:11
Mwen detwi kèk nan nou, menm jan mwen te detwi moun Sodòm ak moun Gomò yo. Sa ki te sove nan nou yo, se tankou yon bout bwa ki pran dife, epi yo kouri wete l' nan dife a pou li pa fin boule. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:24Nan plas lapli, Seyè a va fè pousyè tè ak sab kouvri nou jouk nou mouri.
Isaiah 13:19Lavil Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y'ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Seyè a, m'ap kraze l' tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò.
Jeremiah 6:28Se yon bann move moun ki pa soti pou yo chanje. Y'ap mache pale moun mal. Tèt yo di tankou wòch ak fè. Se yon bann lwijanboje.
Jeremiah 49:18Gwo malè sa ki te rive lavil Sodòm ak Gomò ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo, se malè sa a k'ap rive Edon tou. P'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Pesonn p'ap rete la. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Ezekiel 22:17Seyè a pale ave m' ankò, li di m' konsa:
Hosea 11:5Men yo refize tounen vin jwenn mwen. Se poutèt sa yo p'ap tounen nan peyi Lejip la ankò, se moun Lasiri ki va gouvènen yo.