Jeremiah 49:18
Gwo malè sa ki te rive lavil Sodòm ak Gomò ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo, se malè sa a k'ap rive Edon tou. P'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Pesonn p'ap rete la. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 19:24Lè sa a, Seyè a fè yon sèl lapli souf ak dife soti nan syèl la tonbe sou Sodòm ak Gomò. Wi, se Seyè a menm ki te fè sa.
Deuteronomy 29:23Y'a wè tout peyi a kouvri anba souf ak sèl, tout tè a boule. Lè sa a, moun p'ap ka simen anyen nan tè a, ankenn plant p'ap ka pran ladan l'. Pa menm vye zèb p'ap ka pouse. Peyi nou an va tankou lavil Sodòm ak Gomò, tankou lavil Adma ak Siboyen, lavil Seyè a te detwi nèt lè l' te ankòlè a, lè l' te move anpil la.
Psalms 11:6Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite.
Isaiah 34:10L'ap boule lajounen kou lannwit. Lafimen pral soti ladan l' tout tan san rete. Tè a ap tounen savann pou tout tan tout tan. Moun p'ap janm pase la ankò.
Jeremiah 50:40Sa pral tankou gwo malè Bondye te voye sou lavil Sodòm ak lavil Gomò, malè ki te detwi yo ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo. Pesonn p'ap rete la, p'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Se mwen menm Seyè a wi ki di sa.
Zephaniah 2:9Se poutèt sa, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, mwen sèmante sou tèt mwen, sa ki te rive lavil Sodòm lan, se sa ki pral rive peyi Moab la. Sa ki te rive lavil Gomò a, se sa ki pral rive peyi moun Amon yo. Yo pral tounen yon kote se pikan chadwon ase ki pral leve, yon mi n' sèl, yon dezè pou tout tan. Ti ponyen ki va rete nan moun pèp mwen yo va piye yo, ti ponyen ki va rete nan moun k'ap sèvi m' yo va pran peyi a pou yo.