The Bible Software
bible.software › Amos › Amos 4 › Amos 4:10

Amos 4:10

Mwen voye malè sou nou tankou malè mwen te voye sou peyi Lejip la. Mwen touye jenn gason nou yo nan lagè. Mwen te pran tout chwal nou yo mennen ale. Sant kadav moute nan nen nou tout kote nou rete a. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.

Bib La

In The King James Version

I have sent among you the pestilence after the manner of Egypt: your young men have I slain with the sword, and have taken away your horses; and I have made the stink of your camps to come up unto your nostrils: yet have ye not returned unto me, saith the LORD.

In Context

9Mwen voye yon van cho kou dife boule tout rekòt yo. Krikèt vèt manje tout jaden nou yo ak tout pye rezen nou yo, tout pye fig frans nou yo ak tout pye oliv nou yo. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.

11Mwen detwi kèk nan nou, menm jan mwen te detwi moun Sodòm ak moun Gomò yo. Sa ki te sove nan nou yo, se tankou yon bout bwa ki pran dife, epi yo kouri wete l' nan dife a pou li pa fin boule. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.

Read all of Amos 4

Cross References

Exodus 9:3M'ap leve men m' sou bèt ou gen nan jaden ou yo: chwal, bourik, chamo, bèf, mouton, kabrit. Yon gwo maladi pral tonbe sou yo.

Exodus 9:17Men w'ap pran pòz awogan ou avèk pèp mwen an, ou pa vle kite yo ale.

Exodus 10:3Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l': -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l' ka fè yon sèvis pou mwen.

Exodus 12:29Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri.

Exodus 15:26Li di yo: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Si nou koute m' lè m' pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Seyè a, k'ap geri nou.

Leviticus 26:25M'ap fè lènmi nou yo vin fè nou lagè poutèt kontra m' nou pa kenbe a. Lè sa a, n'a anpile kò nou nan lavil yo pou chache pwoteksyon, m'a voye tout kalite move maladi sou nou, jouk n'a blije rann tèt nou bay lènmi nou yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Amos 4:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Amos 4:9Amos 4Amos 4:11 →