Amos 4:6
Se mwen menm ki te fè grangou tonbe sou tout lavil nou yo, kifè nou pa t' ka jwenn manje lakay nou. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:26M'ap koupe viv nou. Yon sèl fou ap kont pou dis fanm pare pen pou tout fanmi yo. Y'a kontwole sa y'ap bay chak moun. Lè n'a fin manje, se atò n'a grangou.
Ruth 1:1Vwala, te gen yon grangou ki te tonbe sou peyi Izrayèl la. Lè sa a, se chèf ki t'ap gouvènen peyi a. Se konsa yon nonm lavil Betleyèm, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Jida a, leve, li pran madanm li ak de pitit gason l' yo, li al pase kèk tan nan peyi Moab.
1 Kings 18:2Eli pati pou l' al devan wa Akab. Grangou a te rèd anpil pou moun lavil Samari yo.
2 Kings 6:25Se konsa, yon sèl grangou t'ap bat moun nan lavil la. Lènmi pa t' bay ankenn chans pou moun antre soti. Lè sa a yon tèt bourik te koute katreven pyès ajan, yon demi liv kaka pijon te koute senk pyès ajan.
2 Chronicles 28:22Pandan tout tan yo t'ap kraze l' konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Seyè a.
Isaiah 9:12Peyi Lasiri sou bò solèy leve, peyi Filisti sou bò solèy kouche, y'ap devore pèp Izrayèl la ak gwo koutdan. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo.