Amos 4:7
Lè jaden nou tapral pote rekòt, mwen pa t' kite lapli tonbe. Mwen voye lapli sou yon lavil, mwen fè yon lòt rete san yon grenn lapli. Yon jaden jwenn lapli, yon lòt menm ap mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 8:22Men jou sa a, m'a fè yon bagay pou peyi Gochenn kote pèp mwen an rete a. p'ap gen yon mouchavè la. Konsa, w'a konnen se mwen menm, Seyè a, k'ap travay nan peyi a.
Exodus 9:26Se sèl nan peyi Gochenn lan lagrèl la pa t' tonbe. Se la moun pèp Izrayèl yo te rete.
Leviticus 26:18Si, atousa toujou, nou pa koute m', m'ap peni nou sèt fwa pi rèd pase anvan poutèt peche nou yo.
Leviticus 26:27Epi, si apre tou sa toujou, nou pa koute m', n'ap kenbe tèt avè m' toujou,
Deuteronomy 28:23Syèl la p'ap bay yon degout lapli menm. Tè a va vin di kou wòch.
1 Kings 8:35Lè va gen chechrès nan peyi a san yon ti degout lapli paske pèp la te peche kont ou, si yo règrèt sa yo te fè a paske ou te pini yo, si yo vin lapriyè isit la, si yo rele non ou,