Amos 4:8
Moun soti nan de twa lavil ale nan yon lavil nan vwazinaj al mande dlo, men pa t' gen ase pou yo tout bwè. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 18:5Akab te di Abdyas: -Nou pral mache nan tout peyi a, nou pral gade bò tout sous dlo, nan tout ravin kote nou ka jwenn zèb pou bay chwal yo ak milèt yo. Konsa nou p'ap bezwen touye ladan yo.
Isaiah 41:17Lè malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn, lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo, mwen menm, Seyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m' lan. Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo.
Jeremiah 3:7Mwen t'ap di nan kè m': lè l'a fin fè tout bagay sa yo, l'a tounen vin jwenn mwen. Men, li pa tounen. Jida, sè l' la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', wè sa.
Jeremiah 14:3Grannèg yo voye domestik yo al chache dlo. Lè yo rive nan sitèn yo, yo pa jwenn yon gout dlo. Yo tounen ak veso yo vid. Yo wont, yo pa konn sa pou yo di. Yo bouche figi yo.
Ezekiel 4:16Epi li di ankò: -Nonm o! Mwen pral koupe viv moun lavil Jerizalèm yo. Moun yo pral gen kè sere, yo pral gen kè sote lè yo pral kontwole kantite pen pou yo manje ak kantite dlo pou yo bwè.
Hosea 11:5Men yo refize tounen vin jwenn mwen. Se poutèt sa yo p'ap tounen nan peyi Lejip la ankò, se moun Lasiri ki va gouvènen yo.