Amos 5:1
Nou menm, moun pèp Izrayèl, koute chante m'ap chante nan lapenn mwen gen pou nou:
Bib La
In The King James Version
Hear ye this word which I take up against you, even a lamentation, O house of Israel.
In Context
Cross References
Jeremiah 7:29Nou menm moun lavil Jerizalèm, koupe tout cheve nan tèt nou voye jete. Moute sou tèt mòn yo, pou nou chante plenn sò nou, paske Seyè a pa vle wè moun ki fè l' fache. Li vire do ba yo, li voye yo jete.
Jeremiah 9:10Mwen di: -Mwen pral kriye, mwen pral plenn pou mòn yo, mwen pral plenn sò patiraj bèt yo. Paske yo fin boule. Pesonn pa pase la ankò. Ou pa tande bri yon bèt ladan yo. Depi zwezo k'ap vole nan syèl la jouk bèt nan bwa, tout met deyò, y' ale.
Jeremiah 9:20Mwen di: -Nou menm medam, koute sa Seyè a ap di. Louvri zòrèy nou pou nou tande pawòl k'ap soti nan bouch li. Moutre pitit fi nou yo jan pou yo plenn. Y'a moutre zanmi fi yo jan pou yo rele.
Ezekiel 19:1Bondye pale avè m', li di m' konsa: -Koulye a, plenn sò chèf peyi Izrayèl yo.
Ezekiel 26:17Yo pral plenn sò ou. Yo pral di: -Gade yon malè! Gwo lavil la disparèt! Tout batiman l' yo koule! Jan moun lavil sa yo te mèt lanmè a! Yo te fè tout moun ki rete bò gwo lanmè a pè yo.
Ezekiel 27:27Tout richès ou yo, tout machandiz ou yo, ak tout pwovizyon ou yo ansanm ak tout maren ak tout moun k'ap travay pou ou yo, bòs chapant ki pou fè reparasyon pou ou yo, machann ou yo, tout sòlda ki te abò ou yo ansanm ak tout foul moun ki te nan batiman an, yo tout, wi, yo tout pèdi nan lanmè lè batiman ou lan koule.