Amos 5:12
Mwen konnen tou jan peche nou fè yo gwo anpil, jan se pa de ti krim nou pa fè. Nou pèsekite moun serye. Nou pran lajan nan men moun k'ap achte figi nou. Nou enpoze pòv malere yo jwenn jistis nan tribinal.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Se poutèt sa, yon moun ki gen konprann, se je wè bouch pe. Tan an twò move deyò a.
Cross References
Exodus 23:3Konsa tou, lè gen pwose, se pa paske yon moun pòv pou nou pran pati pou li.
Deuteronomy 16:18N'a mete jij ak majistra nan chak lavil Seyè a, Bondye nou an, va ban nou pou dirije tout branch fanmi nou yo. Y'a fè travay yo san patipri.
Ruth 4:1Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an, epi li chita. Lè sa a, yon moun vin ap pase. Se te nèg ki te fanmi Elimelèk pi pre pase l' la, nonm Bòz t'ap pale Rit la. Bòz rele l', li di l': -Entèl, vini m' pale ou, monchè! Chita non! Nonm lan al jwenn li, li chita.
2 Kings 17:7Sa te rive konsa paske moun peyi Izrayèl yo te fè peche kont Seyè a, Bondye yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip, ki te delivre yo anba men farawon an, wa peyi Lejip la. Yo t'ap sèvi lòt bondye.
Job 29:7Lè mwen parèt pòtay lavil la, lè mwen pran plas mwen nan mitan chèf fanmi yo,
Psalms 26:9Pa trete m' menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal. Pa detwi m' ansanm ak sanginè yo,