Amos 7:17
Poutèt sa, Amatsya, men sa Seyè a di: Madanm ou ap tounen jennès nan lavil la! Pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo ap mouri nan lagè! Y'ap pran tè ou yo, y'ap separe yo moso pa moso. Ou menm, ou gen pou ou mouri nan yon peyi etranje kote yo pa sèvi Seyè a. Pèp Izrayèl la menm, y'ap pran l', y'ap depòte l' byen lwen peyi l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 17:6Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.
Isaiah 13:16Y'ap krabinen ti pitit yo la devan je yo, y'ap piye kay yo, y'ap fè kadejak sou madanm yo.
Jeremiah 20:6Ou menm menm, Pachou, y'ap fè ou prizonye ansanm ak tout moun lakay ou yo, y'ap depòte nou lavil Babilòn. Se la w'a mouri, se la y'a antere ou ansanm ak tout zanmi ou yo ki t'ap koute mesaj manti ou t'ap bay yo.
Jeremiah 28:16Se sa ki fè men sa Seyè a di: Li pral disparèt ou sou latè. Anvan lanne an bout, w'ap mouri, paske ou pouse pèp la pou l' te kenbe tèt ak Seyè a!
Jeremiah 29:25paske Chemaja te pran reskonsablite voye yon lèt bay yon prèt yo te rele Sefanya, pitit Maseja, pou tout lòt prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo. Chemaja te voye di yo:
Jeremiah 29:32Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen pral pini Chemaya ansanm ak tout kòt fanmi li. Mwen p'ap kite yon moun nan fanmi li vivan nan mitan nou pou wè bèl bagay mwen pral fè pou pèp mwen an, paske li te moute tèt pèp la kont Bondye, Seyè a.