Amos 8:14
Kanta pou moun k'ap fè sèman sou Achima, zidòl peyi Samari a, moun sa yo k'ap plede di: Anverite bondye Dann lan! Anverite bondye Bècheba a! yo gen pou yo tonbe pou yo pa janm ka leve ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 33:11Seyè, ba yo anpil kouraj! Se pou yo fè ou plezi nan tou sa y'ap fè! Kase ren moun ki pa vle wè yo. Se pou lènmi l' yo pa ka leve tèt ankò.
1 Kings 12:29Li mete yonn nan estati towo yo lavil Betèl, li mete lòt la lavil Dann.
1 Kings 13:22Okontrè, ou tounen, ou manje, ou bwè yon kote li te ba ou lòd pa fè sa. Se poutèt sa w'ap mouri, lèfini, ou p'ap antere nan kavo fanmi ou.
1 Kings 16:24Apre sa, li achte mòn Samari a pou simil (06.000) pyès ajan nan men yon nonm yo te rele Chemè. Omri bati yon lavil sou tèt mòn lan, li rele l' Samari, dapre non Chemè, ansyen mèt tè a.
2 Chronicles 36:16Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Seyè a te vin sitèlman fache pa t' gen rechap pou yo ankò.
Psalms 140:10(0140:11) Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti.