Amos 8:3
Jou sa a, se p'ap chante ki va gen nan palè a, se va rèl. Se Seyè a menm ki di sa. Va gen anpil kadav toupatou. Y'a voye yo jete san di krik.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 10:3Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t'ap di nou an wi lè l' te di: Moun k'ap sèvi m' fèt pou respekte m'. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.
Isaiah 37:36Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.
Jeremiah 22:18Se konsa, men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a bay sou Jojakim, pitit Jozyas, wa peyi Jida a: -Lè l'a mouri, p'ap gen pesonn pou kenbe rèl la ak moun pa l' yo. P'ap gen pesonn pou kriye pou mèt yo, wa yo.
Joel 1:5Leve non, bann gwògè! Kriye non! Nou menm ki renmen bweson, pete rele! Paske pa gen rezen pou fè diven nivo pou nou ankò.
Joel 1:13Nou menm prèt yo, mete rad sak sou nou! Pete rele! Nou menm k'ap sèvi devan lotèl la, mare ren nou. Ale nan tanp lan, pase nwit lan ak rad sak sou nou. Nou menm k'ap fè sèvis pou Bondye m' lan, nou nan lapenn. Pa gen grenn jaden, pa gen diven pou fè ofrann nan kay Bondye nou an.
Amos 5:16Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di: Moun pral mache nan tout lari, yo pral rele nan tout kalfou: Mezanmi, mezanmi, ki lapenn sa a! Yo pral rele tout moun vin nan lanmò a. Y'ap fè chache moun ki konn rele yo pou yo vin kenbe rèl la.