Amos 8:2
Seyè a mande m': -Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn: -Yon panyen fwi mi. Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Izrayèl, pèp mwen an, mi tou. Li rive sou dènye jou l' yo. Mwen p'ap chanje lide pou m' fè pa l' ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Se konsa, Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè yon panyen plen fwi mi.
Cross References
Genesis 6:13Lè sa a, Bondye di Noe konsa: Mwen deside pou m' fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè.
2 Samuel 16:1David te fèk fin kite tèt mòn lan lè li wè Ziba, domestik Mefibochèt la, k'ap vin kontre l'. Li t'ap mennen de bourik byen chaje avèk desan (0200) pen, san (0100) grap rezen chèch, san (0100) pake fwi mi ak yon gwo veso fèt ak po bèt plen diven.
Jeremiah 1:11Seyè a pale avè m', li di m' ankò: -Kisa ou wè la a, Jeremi? Mwen reponn li: -Mwen wè yon branch zanmann.
Jeremiah 1:13Apre sa, Seyè a pale avè m' yon lòt fwa ankò, li di m': -Kisa ou wè la a? Mwen reponn li: -Mwen wè yon chodyè dlo k'ap bouyi sou yon dife. Vapè dlo cho a ap desann soti nan nò.
Jeremiah 24:1Seyè a fè m' wè de panyen plen fig frans kòtakòt devan gwo kay Seyè a. Lè sa a, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te gen tan depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf peyi Jida yo, bòs atizan yo ak tout moun ki gen metye yo. Li te mennen yo tout ale lavil Babilòn.
Lamentations 4:18Lènmi ap veye kote nou prale. Nou pa menm gen dwa soti nan lari. Jou lanmò nou rive. Sa ki rete pou nou mouri a pa anyen.