Amos 9:11
Seyè a di: Yon jou gen pou rive! Jou sa a, m'a mete peyi wa David la kanpe ankò sou de pye l'. Koulye a li tankou yon kay k'ap fin kraze. Lè sa a, m'a repare tout kote ki fann yo. M'a refè miray ki te fin kraze yo. M'ap rebati peyi a jan l' te ye nan tan lontan an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 80:12(080:13) Poukisa ou lage lantouraj li yo atè konsa, kifè koulye a nenpòt moun k'ap pase vin vòlè rezen li yo?
Psalms 143:5Mwen chonje tan lontan, m'ap kalkile tou sa ou te fè. Tou sa ou te fè yo vin nan tèt mwen ankò.
Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!
Isaiah 16:5Gouvènman peyi Jida a pral kanpe byen kanpe. Yon chèf pral soti nan ras fanmi wa David la. Li pral moute chita sou fotèy la pou l' dirije pèp la avèk bon kè, san patipri. L'ap soti pou l' fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap prese fè tout moun jistis.
Jeremiah 23:5Seyè a di ankò: -Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.
Jeremiah 33:14Seyè a di ankò: Yon jou pral vini, mwen pral kenbe pwomès mwen te fè moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo.