The Bible Software
bible.software › Amos › Amos 9 › Amos 9:12

Amos 9:12

Konsa, pèp Izrayèl la va pran posesyon pòsyon ki rete nan peyi Edon an. Y'a donminen ankò sou lòt nasyon mwen te fè yo. Se Seyè a ki di sa, se li menm menm k'ap fè sa rive konsa!

Bib La

In The King James Version

That they may possess the remnant of Edom, and of all the heathen, which are called by my name, saith the LORD that doeth this.

In Context

11Seyè a di: Yon jou gen pou rive! Jou sa a, m'a mete peyi wa David la kanpe ankò sou de pye l'. Koulye a li tankou yon kay k'ap fin kraze. Lè sa a, m'a repare tout kote ki fann yo. M'a refè miray ki te fin kraze yo. M'ap rebati peyi a jan l' te ye nan tan lontan an.

13Jou yo ap vini. Lè sa a, yo p'ap kò fin ranmase rekòt, y'ap gen tan ap pare tè pou plante ankò. Yo p'ap kò fin kraze rezen pou fè diven, y'ap gen tan ap pare pou mete pye rezen nan tè ankò. Diven byen dous ap koule sou tout mòn yo, l'ap koule desann sou tout ti mòn yo. Se Seyè a menm ki di sa.

Read all of Amos 9

Cross References

Genesis 27:29Se pou kantite pèp soumèt devan ou. Se pou kantite nasyon bese tèt devan ou. Se ou menm ki pou mèt frè ou yo. Se pou pitit pitit manman ou yo bese tèt devan ou. Se pou tout moun ki ba ou madichon jwenn madichon. Se pou tout moun ki beni ou jwenn benediksyon.

Numbers 24:17Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo.

Psalms 60:8(060:10) Men m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran li.

Isaiah 14:1Wi, kè Seyè a pral fè l' mal pou fanmi Jakòb la. L'ap chwazi pèp Izrayèl la ankò pou pèp pa li. L'ap kite yo rete nan peyi ki pou yo a. Moun lòt nasyon va vin jwenn yo, y'a rete viv ansanm ak moun fanmi Jakòb yo.

Isaiah 63:19Depi kèk tan ou sèvi ak nou tankou si se pa ou ki chèf nou ankò, tankou si nou pa pèp ou a ankò.

Jeremiah 14:9Poukisa w'ap fè tankou yon moun ki dekontwole, tankou yon sòlda ki pa gen kouraj pou fè anyen pou pesonn? Seyè, nou sèten ou la nan mitan nou. Se pèp ou nou ye. Tanpri, pa lage nou!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Amos 9:12

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Amos 9:11Amos 9Amos 9:13 →