Amos 9:2
Menm si yo fouye twou pou yo antre nan peyi kote mò yo ye a, m'ap rale yo met deyò. Menm si yo ta moute anwo nan syèl la, m'ap rale yo desann.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 20:6Yo te mèt grandi jouk pou yo rive wotè syèl la, jouk pou tèt yo ta rive nan nwaj yo,
Job 24:23Bondye kite l' viv alèz san pwoblèm, men, se toutan l'ap veye tou sa l'ap fè.
Psalms 139:7Ki bò mwen ta ale pou m' pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m' devan je ou?
Isaiah 2:19Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Bondye. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè, lè Seyè a va leve pou l' fè tè a tranble.
Jeremiah 49:16Se awogans ou ki fè ou pèdi tèt ou. Pa gen moun ki pè ou jan ou kwè l' la. Ou rete sou tèt gwo wòch yo, byen wo nan mòn yo. Ou te mèt bati kay ou byen wo tankou nich malfini, m'ap fè ou desann. Se Seyè a menm ki di sa.
Ezekiel 28:13Ou t'ap viv nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a. Ou te mete tout kalite bèl pyè koute chè sou ou: ribi, topaz, dyaman, krizolit, oniks, jasp, safi, malachi, emwòd. Tout bèl bijou ki te sou ou te fèt an lò. Se jou Bondye t'ap kreye ou la li te fè pare yo pou ou.