Amos 9:3
Si y' al kache sou tèt mòn Kamèl, m'ap chache yo, m'ap mete men sou yo. Si y' al kache pou mwen nan fon lanmè, m'ap bay gwo sèpan lanmè a lòd pou l' mòde yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 22:13Ou konn sa, epi w'ap di: Sa Bondye ka konnen? Li kache dèyè nwaj yo, ki jan pou l' jije sa k'ap pase sou latè?
Psalms 68:23(068:24) pou ou ka mache nan san yo, pou chen ou yo ka jwenn pa yo nan lènmi ou yo.
Psalms 139:10l'a ankò, w'ap toujou la pou mennen m', w'ap la pou pwoteje m'.
Jeremiah 16:16Seyè a di ankò: -Mwen voye chache anpil moun ki konn fè lapèch pou vin pran yo. Apre sa, m'ap voye chache kantite moun ki konn fè lachas pou kouri dèyè yo sou tout mòn, sou tout ti mòn, jouk nan twou wòch.
Jeremiah 23:24Pa gen kote yon moun ka al kache pou m' pa wè l'. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Seyè a menm ki di sa.