Jeremiah 49:16
Se awogans ou ki fè ou pèdi tèt ou. Pa gen moun ki pè ou jan ou kwè l' la. Ou rete sou tèt gwo wòch yo, byen wo nan mòn yo. Ou te mèt bati kay ou byen wo tankou nich malfini, m'ap fè ou desann. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Seyè a pral fè peyi a vin tou fèb nan mitan nasyon yo. Pesonn p'ap respekte nou.
Cross References
Job 39:27Eske se ou ki bay malfini lòd pou li fè nich li byen wo sou tèt mòn yo?
Proverbs 18:21Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.
Song of Solomon 2:14Ti toutrèl mwen, ou kache nan fant wòch yo, anba gwo wòch byen wo yo. Moutre m' ti figi ou non! Fè m' tande vwa ou. Ala bèl ti figi ou bèl! Ala dous vwa ou dous!
Isaiah 14:13Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fotèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a.
Isaiah 49:25Men sa Seyè a reponn: Wi! Yo ka wete nan men yon vanyan sòlda sa li pran nan lagè. Yo ka lage prizonye ki anba men yon gwo chèf. M'ap goumen pou nou ak tout moun k'ap fè nou lagè. M'a delivre pitit nou yo.
Jeremiah 48:28Nou menm moun Moab, kite lavil nou yo, al rete nan twou wòch. Fè tankou ranmye ki fè nich yo nan twou bò falèz.