Amos 9:4
Si lènmi fè yo prizonye pou l' ta mennen yo ale kite peyi yo a, m'ap bay lòd touye yo. M'ap voye je m' sou yo. Men, fwa sa a, se p'ap pou byen yo, se va pou malè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 44:21Ou te mande nou pou nou mennen l' isit la pou ou te ka wè l'.
Leviticus 17:10Pesonn ni nan pèp Izrayèl la, ni pami moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gen dwa manje vyann ak tout san li ladan l'. Si li fè l', mwen menm Seyè a, mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an.
Leviticus 26:36Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo.
2 Chronicles 16:9Seyè a ap veye tou sa k'ap pase sou latè. Li pa kite anyen chape pou l' ka bay moun ki mete tout konfyans yo nan li fòs ak kouraj. Men fwa sa a, ou resi pèdi tèt ou. Ou aji tankou moun fou. Se poutèt sa moun pral fè ou lagè san rete.
Psalms 34:17(034:18) Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray.
Jeremiah 24:6M'ap toujou voye je sou yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi sa a. M'ap fè yo grandi, mwen p'ap kraze yo. M'ap plante yo, mwen p'ap derasinen yo ankò.