The Bible Software
bible.software › Amos › Amos 9 › Amos 9:7

Amos 9:7

Men sa Seyè a di ankò: Nou menm, moun Izrayèl yo, mwen konsidere nou koulye a menm jan ak moun Letiopi yo. Se mwen menm, pa vre, ki te fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip? Se pa mwen menm tou ki te fè moun Filisti yo soti kite lil Lakrèt, epi ki te fè moun Siri yo soti lavil Kir?

Bib La

In The King James Version

Are ye not as children of the Ethiopians unto me, O children of Israel? saith the LORD. Have not I brought up Israel out of the land of Egypt? and the Philistines from Caphtor, and the Syrians from Kir?

In Context

6Seyè a bati kay li anwo nan syèl la. Li mete vout syèl la anlè latè. Li rale dlo lanmè a, li vide l' sou tout latè. Yo rele li Seyè. Wi, se konsa yo rele l'.

8Mwen voye je m' sou pèp Izrayèl la, mwen wè jan yo lage kò yo nan fè sa ki mal. Mwen pral disparèt yo sou latè. Men, mwen p'ap fin touye tout pitit Jakòb yo nèt. Non. Mwen pa ka fè sa. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.

Read all of Amos 9

Cross References

Deuteronomy 2:23Se menm bagay la ki rive avit yo ki te rete nan tout ti bouk ou jwenn jouk ou rive lavil Gaza: moun Kaftò yo soti zile Krèt, yo touye avit yo epi yo rete nan peyi a nan plas yo.

Isaiah 20:4Wa peyi Lasiri a pral depòte tout prizonye li pral fè nan peyi Lejip ak nan peyi Letiopi. Granmoun kou timoun pral mache toutouni, pye atè ak tout dèyè yo deyò. Sa pral yon wont pou peyi Lejip.

Isaiah 43:3Paske mwen menm, mwen se Seyè a, Bondye nou an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou! Pou m' te ka delivre nou mwen te bay peyi Lejip, peyi Letiopi ansanm ak peyi Seba a nan plas nou.

Jeremiah 13:23Moun po nwa pa ka chanje koulè po yo. Leyopa pa ka wete takte nwa ki sou kò li yo. Konsa tou, nou menm ki fin gen labitid fè sa ki mal nou pa ka fè sa byen.

Hosea 12:13Seyè a voye yon pwofèt pou fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip. Li fè menm pwofèt la pran swen yo.

Amos 2:10Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen mennen nou pandan karantan nan dezè a. Mwen ban nou peyi moun Amori yo pou peyi pa nou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Amos 9:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Amos 9:6Amos 9Amos 9:8 →