Isaiah 20:4
Wa peyi Lasiri a pral depòte tout prizonye li pral fè nan peyi Lejip ak nan peyi Letiopi. Granmoun kou timoun pral mache toutouni, pye atè ak tout dèyè yo deyò. Sa pral yon wont pou peyi Lejip.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 19:4Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen.
Isaiah 19:4Mwen pral lage moun Lejip yo nan men yon chèf ki rèd anpil, nan men yon wa mechan ki pral gouvènen yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!
Isaiah 31:3Moun Lejip yo, se moun yo ye, yo pa bondye. Chwal yo tankou tout chwal. Se pa chwal Bondye voye! Seyè a pral lonje men l', moun k'ap bay pwoteksyon an ap bite, moun k'ap chache pwoteksyon an ap tonbe. Y'ap mouri ansanm!
Jeremiah 13:22W'a mande tèt ou: Poukisa tout bagay sa yo ap rive ou? Se paske sa ou te fè a te grav anpil kifè yo mete ou toutouni, yo fè kadejak sou ou.
Jeremiah 46:19Nou menm moun peyi Lejip, mare pakèt nou pou yo depòte nou! Lavil Menmfis pral tounen yon dezè, yon bann miray kraze, san pesonn ladan l'.
Ezekiel 30:18Fènwa pral kouvri lavil Tapanès gwo jounen, lè m'a kraze otorite pouvwa peyi Lejip la. Lè m'a fini ak fòs kouraj ki t'ap fè l' gonfle lestonmak li a, yon gwo nwaj pral kouvri tout peyi Lejip. Yo pral depòte dènye moun li yo.