Colossians 1:22
Men koulye a, gremesi Kris la ki mouri nan kò l' tankou yon moun, Bondye fè nou byen avè l' ankò pou nou ka parèt devan l' tankou moun k'ap viv apa pou li, san okenn tach, san okenn repwòch.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 15:15Ata zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans. Yo menm tou yo pa fin bon nèt nan je l'.
Psalms 51:7(051:9) Wete peche m' lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m' fè sèvis pou ou. Lave m', m'a pi blan pase koton.
Romans 7:4Se menm jan an tou pou nou menm, frè m' yo. Nou mouri ansanm ak kò Kris la annegad lalwa. Konsa, nou lib pase nan men yon lòt mèt. Koulye a, se nan men moun ki te leve soti vivan nan lanmò a nou ye pou nou ka viv yon jan ki itil pou Bondye.
Ephesians 1:4Byen lontan anvan Bondye te kreye lemonn, li te chwazi nou nan Kris la pou nou te kapab viv apa pou li, pou n' te san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an,
Ephesians 5:27Paske, li te vle pou legliz la parèt devan l' nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo, ni okenn tach, ni okenn pli, ni okenn mank.
Titus 2:14Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.