Titus 2:14
Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:16Yon sèl kè kase, yon sèl sezisman pran yo. Avèk fòs ponyèt ou, ou fè yo rete rèd san yo pa kapab fè anyen. Ou fè yo rete konsa jouk pèp ou a fin pase, Seyè, wi, jouk pèp ou delivre a fin pase!
Leviticus 25:41Lè sa a, li menm ak tout pitit li yo, y'a kite lakay nou, y'a tounen al jwenn fanmi yo, epi y'a renmèt yo tè zansèt yo te kite pou yo a.
Numbers 25:13M'ap mete li, li menm ak tout ras fanmi l' apre li, pou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Paske li te fè m' wè jan li pa t' tolere moun sèvi lòt bondye pase mwen. Se konsa li fè m' padonnen sa pèp la te fè ki mal la.
Deuteronomy 14:2Paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an nou ye. Se nou menm Seyè a te chwazi nan mitan tout pèp sou latè pou nou te tounen yon pèp ki rele l' pa li.
Psalms 130:8Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.
Ezekiel 36:25M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.