Romans 7:4
Se menm jan an tou pou nou menm, frè m' yo. Nou mouri ansanm ak kò Kris la annegad lalwa. Konsa, nou lib pase nan men yon lòt mèt. Koulye a, se nan men moun ki te leve soti vivan nan lanmò a nou ye pou nou ka viv yon jan ki itil pou Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 45:10(045:11) Koute, mafi! Gade byen! Tande sa m'ap di ou: -Ou mèt bliye pèp kote ou soti a. Ou mèt bliye moun kay papa ou yo.
Isaiah 62:5Menm jan yon jenn gason marye ak yon jenn fi, Seyè a pral marye avè ou. Menm jan yon nonm marye kontan madanm li, Bondye ou la pral kontan ou
Matthew 26:26Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', li bay disip yo, li di: Pran, manje. Sa se kò mwen.
John 6:51Se mwen menm pen ki bay lavi a, pen ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m' bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi.
Romans 6:2Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n' ta ka kontinye ap viv toujou nan peche?
Romans 6:22Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an.