1 Thessalonians 4:9
Kanta renmen nou dwe genyen pou frè n' yo, mwen pa bezwen ekri nou sou sa. Paske, se Bondye menm ki te moutre nou ki jan nou dwe yonn renmen lòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 19:8Se poutèt sa, tout moun ki va manje yon vyann konsa va gen pou peye pou sa l' fè a, paske li pa respekte bagay yo te mete apa pou mwen. Moun konsa se pou nou wete yo nan mitan pèp mwen an.
Isaiah 51:13Gen lè ou bliye Seyè ki te fè ou la, li menm ki te louvri syèl la epi ki te poze fondasyon latè a? Poukisa tout lajounen w'ap tranble konsa devan kòlè moun k'ap peze ou yo, moun k'ap chache detwi ou yo? Kisa kòlè moun sa yo ka fè ou?
Matthew 22:39Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
John 13:34Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.
John 15:12Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou.
Romans 12:10Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.