Colossians 2:18
Se poutèt sa, moun nou wè k'ap sèvi zanj epi ki swadizan p'ap vante tèt yo, pa kite moun konsa konprann pou yo wete rekonpans nou nan men nou. Moun konsa toujou ap rakonte vizyon yo te fè. Pou anyen, yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm yo mete nan tèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Tou sa se lonbraj bagay ki te gen pou vini yo; bagay tout bon yo se nan Kris la yo ye.
Cross References
Genesis 3:13Seyè a, Bondye a, mande fanm lan. Poukisa ou fè sa? Fanm lan reponn li. Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m' manje l'.
Deuteronomy 29:29Gen bagay nou pa konnen, se bagay Bondye kenbe nan kè l' pou li menm. Men, bagay li fè nou konnen yo, se bagay nou menm ak pitit nou yo pa dwe janm bliye pou nou ka fè tou sa li mande nou fè nan lalwa a.
Psalms 138:1Se yon sòm David. Seyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m'. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou!
Ezekiel 13:3Men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di: Madichon pou bann pwofèt egare sa yo! Se yo menm ki fè mesaj y'ap bay la. Yo pa janm fè ankenn vizyon vre.
Matthew 24:24Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.
Romans 8:6Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.