Ezekiel 13:3
Men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di: Madichon pou bann pwofèt egare sa yo! Se yo menm ki fè mesaj y'ap bay la. Yo pa janm fè ankenn vizyon vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 15:14Yon moun ki gen konprann toujou ap chache gen konesans. Men, moun sòt pran plezi nan pale koze san sans.
Jeremiah 23:9Mesaj sou pwofèt yo: -Kè m' ap fann! M'ap tranble nan tout kò m'. Mwen tankou yon moun ki sou, yon moun ki bwè twòp. Se Seyè a ki lakòz sa avèk pawòl li yo ki pawòl Bondye tout bon.
Lamentations 2:14Pwofèt yo pa wè anyen pou yo di ou pase manti ak radòt. Yo kase fèy kouvri peche ou yo pou ou. Yo fè ou pèdi chans ou te gen pou ou te kanpe ankò a. Yo pa wè anyen pou yo di ou. Y'ap ba ou manti, y'ap pete ou.
Ezekiel 13:18Lèfini, di yo men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, voye di yo: Madichon pou nou, medam! N'ap mare kòd wanga nan ponyèt tout moun. N'ap moute mouchwa tèt pou tout kalite moun pou yo ka gen pouvwa pran nanm moun. Nou dèyè pou nou gen pouvwa fè sa nou vle ak nanm lòt moun san anyen pa rive nou.
Hosea 9:7Jou pou yo pini nou an rive. Wi, lè pou yo ban nou sa nou merite a pral rive. Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo va konprann sa k'ap rive yo a. Y'ap plede di: Pwofèt sa a pèdi tèt li. Nonm ki gen lespri Bondye moute l' la pa konn sa l'ap di. Men se paske yo fè gwo peche, se paske yo vire do bay Bondye kifè sa rive yo.
Matthew 23:13Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre.