Colossians 3:12
Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n' ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n' aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 45:4Mwen te rele ou pou ou te ka delivre fanmi Jakòb yo, sèvitè m' yo, moun pèp Izrayèl mwen te chwazi a. Mwen ba ou grad atout ou pa t' konnen m' lan.
Isaiah 65:9Nan tout fanmi Jakòb la, m'ap fè moun branch fanmi Jida yo pran mòn mwen yo pou yo. Se la moun mwen chwazi yo ak moun k'ap sèvi m' yo va rete.
Jeremiah 31:3Byen lwen, Seyè a te fè m' wè li. Li t'ap di: Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou. Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou.
Ezekiel 16:8Mwen vin ap pase bò la ankò, mwen wè ou. Ou te rive laj pou ou te renmen. Mwen louvri gwo varèz mwen an sou ou, mwen kouvri kò ou ki te toutouni an. Mwen fè sèman m'ap toujou renmen ou. Wi, mwen pase kontra maryaj avè ou. Se konsa ou vin madanm mwen. Se Seyè ki sèl mèt la ki di sa.
Matthew 24:24Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.
Mark 13:20Si Mèt la pa t' deside wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa t'ap sove. Men, li wete sou jou sa yo poutèt moun li chwazi pou la ak li yo.