Colossians 3:24
Chonje byen: Seyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l' yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ruth 2:12Mwen mande Seyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi. Ou vini mete ou anba zèl li pou l' pwoteje ou. Se pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans!
Matthew 5:12Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.
Matthew 6:1Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l' yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l' konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans.
Matthew 6:16Lè n'ap fè jèn, pa pran pòz kagou nou tankou ipokrit yo: Y'ap mache ak figi yo rale konsa pou tout moun ka wè y'ap fè jèn. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.
Luke 6:35Non, nou menm se pou nou renmen lènmi nou yo, fè byen pou yo. Prete san nou pa mete espwa nou sou renmèt. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la, paske li menm, li bon ni pou engra ni pou mechan.
John 12:26Si yon moun ap sèvi m', se pou l' swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m' va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.