Colossians 4:11
Jezi, ki gen yon ti non Joustous, voye bonjou pou nou tou. Twa mesye sa yo, se yo menm sèlman pami jwif yo k'ap travay avè m' pou gouvènman Bondye ki wa a. Yo te ban m' anpil kouraj.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 10:45Frè ki te soti lavil Jope ansanm ak Pyè yo se jwif yo te ye. Yo te sezi wè ki jan Bondye te bay moun ki pa jwif yo Sentespri l' an kantite.
Romans 4:12Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Pa paske yo sikonsi ase, men paske yo menm tou yo swiv egzanp konfyans Abraram, papa nou, te gen nan Bondye anvan menm li te sikonsi.
2 Corinthians 6:1Se poutèt sa, mwen menm k'ap travay ak Bondye, mwen mande nou pou nou pa kite favè nou resevwa nan men Bondye a gaspiye.
Galatians 2:7Okontrè, yo wè Bondye te renmèt mwen travay anonse bon nouvèl la bay moun ki pa jwif yo, menm jan li te renmèt Pyè travay anonse l' bay jwif yo.
Philippians 4:3Ou menm tou k'ap travay ansanm avè m', mwen mande ou pou ou ede yo, paske de medam sa yo te travay di pou fè konnen bon nouvèl la ansanm ak Kleman ak tout lòt moun ki te travay ansanm avè mwen yo. Yo tout gen non yo ekri nan Liv Bondye a ki gen non moun ki gen lavi a.
1 Thessalonians 3:2Mwen te voye Timote, frè nou an, al wè nou. Se yon sèvitè Bondye k'ap travay ansanm ak mwen pou fè konnen bon nouvèl Kris la. Li te gen pou l' te fòtifye nou, pou l' te ankouraje nou nan lafwa,