Galatians 2:7
Okontrè, yo wè Bondye te renmèt mwen travay anonse bon nouvèl la bay moun ki pa jwif yo, menm jan li te renmèt Pyè travay anonse l' bay jwif yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 9:15Men, Seyè a di li: Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l' pou sèvis mwen, pou l' fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la.
Acts 15:12Apre sa, tout moun pe bouch yo, yo t'ap koute Banabas ak Pòl ki t'ap rakonte tout bèl bagay ak tout mirak Bondye te ba yo pouvwa fè pou li nan mitan moun lòt nasyon yo.
Acts 18:6Men, jwif yo pran kenbe tèt avèk li, yo t'ap joure l'. Lè l' wè sa, li souke pousyè ki te sou rad li, epi l' di yo: Si nou peri, se nou ki chache sa. Se p'ap fòt mwen. Depi koulye a m'ap vire kò m' bò kot moun ki pa jwif yo.
Romans 1:5Gremesi Jezikri sa a, Bondye fè m' favè pou m' travay tankou apòt, pou m' mennen moun tout nasyon, nan non menm Kris la, pou yo vin kwè nan li, pou yo obeyi li.
1 Corinthians 9:17Si se mwen ki te chwazi tèt mwen pou fè travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fòse yo fòse m' fè travay sa a, lè sa a se yon reskonsablite Bondye ban mwen.
Galatians 2:9Lè sa a, Jak, Pyè ak Jan ki te pase pou chèf nan legliz la, yo te rekonèt se Bondye ki te ban m' travay sa a, yo bay Banabas ak mwen lanmen tankou asosye. Nou tonbe dakò pou Banabas ak mwen al travay nan mitan moun ki pa jwif yo, pou yo menm y' al travay ak jwif yo.