Daniel 1:20
Lè wa a mande yo konsèy pou nenpòt pwoblèm ki mande konesans ak lespri, li wè jenn gason sa yo te konnen dis fwa plis pase tout lòt divinò ak moun ki li zetwal nan tout peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Se konsa, Danyèl rete nan palè a jouk lè wa Siris antre lavil Babilòn.
Cross References
Genesis 31:7Men li menm, li toujou ap twonpe mwen. Li chanje lide dis fwa lè lè a rive pou li peye m'. Men, Bondye pa janm kite l' fè m' anyen.
Exodus 7:11Men farawon an rele nèg save l' yo ak divinò l' yo. Yo menm tou, avèk maji yo, yo te rive fè menm bagay la tou.
Exodus 8:7Men majisyen peyi Lejip yo, avèk maji yo, te rive fè menm bagay la tou. Yo fè krapo moute vin sou peyi Lejip la.
Numbers 14:22okenn nan moun sa yo p'ap rive viv lontan ase pou yo antre nan peyi a. Yo te wè pouvwa mwen, yo te wè tout bèl bagay mwen te fè nan peyi Lejip ak nan dezè a. Men anpil fwa deja, yo chache wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo pa janm vle koute m' lè m' pale ak yo.
1 Kings 10:1Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye ak jan sa te sèvi yon lwanj pou Seyè a. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l' sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil.
Nehemiah 4:12Men, chak fwa lènmi nou yo moute vin atake nou, jwif ki t'ap viv nan mitan yo te vin avèti nou. Konsa konsa, an dis fwa.