Daniel 1:5
Wa a te bay lòd pou chak jou yo te pran nan manje ak nan diven yo sèvi sou tab wa a pou ba yo. Se pou yo pase twazan konsa. Apre sa, y'a parèt devan wa a pou sèvis li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 16:22Sayil voye di Izayi konsa: -Tanpri, kite David rete avè m'. Mwen renmen l' anpil.
1 Kings 10:8Ala bèl chans madanm ou yo genyen! Ala bèl chans moun k'ap travay avè ou yo genyen! Yo toujou la devan ou ap tande pawòl bon konprann k'ap soti nan bouch ou!
2 Chronicles 9:7Ala bèl chans moun pa ou yo genyen! Ala bèl chans pou moun k'ap travay avè ou yo! Yo toujou la devan ou ap tande bèl pawòl k'ap soti nan bouch ou!
Daniel 1:8Danyèl te pran desizyon nan kè l' pou l' pa t' manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l' te ka toujou nan kondisyon pou l' sèvi Bondye l'. Se konsa, li al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l' pèmisyon pou l' pa blije manje manje sa yo.
Matthew 6:11Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a.
Luke 11:3Chak jou, ban nou manje nou bezwen pou jounen an.