Daniel 10:13
Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m' pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m' sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezra 4:5Yo menm rive bay kèk anplwaye gouvènman an lajan anba chal pou anpeche travay la mache. Se konsa, pandan tout tan wa Siris t'ap gouvènen an jouk sou rèy wa Dariyis, yo antrave travay moun yo san rete.
Daniel 10:20Lè sa a, li di m': -Ou konnen poukisa mwen vin bò kote ou la? Se pou m' te ka fè ou konnen sa ki te ekri nan liv verite a. Koulye a, mwen gen pou m' al goumen ak zanj chèf peyi Pès la. Apre sa, zanj chèf peyi Lagrès la va parèt.
Zechariah 3:1Apre sa, Seyè a fè m' wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Seyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l' te ka akize l'.
Colossians 2:10Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa.
1 Peter 3:22ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l'ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.
Revelation 12:7Lè sa a, yon sèl batay pete nan sièl la: Michèl ak zanj li yo pran goumen ak dragon an. Dragon an menm te gen zanj pa l' yo avè l' pou goumen ak Michèl.