Daniel 10:16
Lè sa a, zanj ki te gen fòm yon moun lan lonje men l', li manyen po bouch mwen. Mwen louvri bouch mwen pale, mwen di zanj ki te kanpe devan m' lan: -Mèt, vizyon an fè m' pè, m' pèdi tout fòs mwen, kè m' sere!
Bib La
In The King James Version
In Context
15Lè li di m' sa, m' bese je m' gade atè san m' pa di anyen.
17Se moun k'ap sèvi ou mwen ye, mèt. Ki jan mwen ka pale ak ou? M' pa gen fòs ankò, m' pèdi souf mwen.
Cross References
Exodus 4:13Moyiz di: -Eskize m' wi, Seyè! Men, poukisa ou pa voye yon lòt moun pito?
Judges 6:13Jedeyon reponn li: -Adye, msye! Si Seyè a avè nou vre, manyè di m' poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Seyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip? Men koulye a, Seyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou.
Judges 13:8Lè sa a, Manoak lapriyè Seyè a, li di: -Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l' ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la.
Isaiah 6:7Li kole l' sou bouch mwen, epi li di m' konsa! -Sa a kole sou po bouch ou. Koulye a, ou pa gen peche ankò. Bondye padonnen tou sa ou fè ki mal.
Ezekiel 1:26Anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a, te gen yon bagay, ou ta di yon gwo fotèy fèt an wòch safi. Sou fotèy la, yon fòm te chita ou ta di yon moun.
Ezekiel 33:22Lavèy jou sa a, nan aswè, mwen te santi pouvwa Seyè a chita sou mwen avèk fòs. Nan maten, lè moun lan rive, Seyè a demare lang mwen pou m' te ka pale. Mwen pa t' bèbè ankò.