Daniel 11:22
Tout moun ki konprann pou yo kenbe tèt ak li, l'ap kraze yo, l'ap disparèt yo. L'ap disparèt ata chèf kontra a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 8:7mwen menm, Seyè a, m'ap fè wa peyi Lasiri a vin atake yo ak tout fòs li. L'ap vini tankou dlo gwo larivyè Lefrat la lè l'ap desann. L'ap gonfle, l'ap debòde sou tout rivaj li yo.
Daniel 8:11Li grandi, li menm rive atake chèf lame ki nan syèl la, li fè yo sispann ofri bèt pou touye pou li. Li fè kraze Tanp yo te mete apa pou li a.
Daniel 9:26Apre sèt fwa swasanndezan sa yo, yo pral touye chèf Bondye te chwazi a san rezon. Yon lòt chèf ap vini sot byen lwen, l'ap detwi lavil la ansanm ak Tanp lan. Tout bagay pral rete konsa, y'ap fini tankou lè gwo dlo desann. Lè sa a, pral gen lagè ak ravaj jan Bondye te pare l' la.
Amos 8:8Se konsa latè pral pran tranble. Tout moun nan peyi a pral pran rele. Tout peyi a pral souke. L'ap moute, l'ap gonfle, apre sa l'ap desann tankou dlo larivyè Nil nan peyi Lejip.
Nahum 1:8Tankou yon gwo lavalas k'ap desann, l'ap kraze tout kote lavil la te bati a. L'ap pousib tout lènmi l' yo jouk li fini ak yo.