Daniel 9:26
Apre sèt fwa swasanndezan sa yo, yo pral touye chèf Bondye te chwazi a san rezon. Yon lòt chèf ap vini sot byen lwen, l'ap detwi lavil la ansanm ak Tanp lan. Tout bagay pral rete konsa, y'ap fini tankou lè gwo dlo desann. Lè sa a, pral gen lagè ak ravaj jan Bondye te pare l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 22:15(022:16) Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m' prèt pou mouri.
Isaiah 28:2Seyè a gen yon moun ki gen fòs, yon moun ki gen pouvwa pou fè travay la pou li. L'ap vini tankou yon gwo lapli k'ap tonbe fòs avès, k'ap fè dlo moute anvayi toupatou. L'ap pran tout bagay nan men l', l'ap leve yo. l'ap fese yo atè.
Isaiah 53:8Yo pran l', yo mete l' nan prizon, yo trennen l' tribinal. Pa t' gen pesonn pou te pran ka l', lè yo wete l' nan mitan moun k'ap viv sou tè a. Se pou peche pèp mwen an yo te touye l'.
Daniel 9:27Chèf sa a pral siyen yon kontra solid avèk anpil lòt pèp pandan sètan. Men, sou twazan sis mwa l'ap fè yo sispann touye bèt ak fè ofrann pou Bondye. Yo pral mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan. L'ap rete la jouk moun ki va mete l' la a va kontre ak bout li, jan Bondye pare sa pou li a.
Daniel 11:17Wa Siri a ap mete nan tèt li pou l' pran tout peyi lòt wa a pou li. L'ap siyen yon kontra avè l'. Pou l' ka pran l' pi byen, l'ap ba li pitit fi li a pou madanm. Men, plan an p'ap pran, sa p'ap mache.
Hosea 1:9Lè sa a, Seyè a di Oze: -W'ap rele l' Lorami, paske moun peyi Izrayèl yo pa moun pa m' ankò. Mwen menm, mwen pa Bondye yo ankò.