The Bible Software
bible.software › Daniel › Daniel 11 › Daniel 11:37

Daniel 11:37

Wa a p'ap konnen bondye zansèt li yo, li p'ap konnen bondye medam yo renmen sèvi a, li p'ap konn ankenn lòt bondye. Se tèt pa l' ase l'ap konnen. Pou li, li pi gran pase yo tout.

Bib La

In The King James Version

Neither shall he regard the God of his fathers, nor the desire of women, nor regard any god: for he shall magnify himself above all.

In Context

36Wa peyi Siri a va fè sa li vle. Li pral gonfle lestonmak li, li pral mache di jan li pi gran pase tout bondye. L'ap di yon bann vye koze sou Bondye ki anwo tout bondye yo. L'ap fè sa konsa jouk lè pou Bondye pini l' lan va rive. Paske, tou sa Bondye te di ki pou fèt la gen pou fèt.

38Nan plas yo, l'ap pito sèvi bondye ki pwoteje fò yo, yon bondye zansèt li yo pa t' janm konnen. L'ap ofri lò, ajan, bèl pyè bijou ak lòt bagay ki koute chè ba li.

Read all of Daniel 11

Cross References

Genesis 3:5Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l', je nou va louvri. n'a vin tankou Bondye, n'a konn sa ki byen ak sa ki mal.

Deuteronomy 5:21Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou.

Song of Solomon 7:10Se pou mennaj mwen mwen ye! Se mwen menm li anvi.

Isaiah 14:14Mwen pral moute sou tèt nwaj yo. M'ap tankou Bondye ki gen tout pouvwa a.

Ezekiel 28:2-Nonm o! Pale ak chèf peyi Tir la, di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li: Lògèy vire lòlòj ou! Ou pretann di se yon bondye ou ye. Ou chita tankou Bondye sou fotèy ou, nan mitan lanmè. Ou mèt pran pòz bondye ou jan ou vle, se moun ou ye, ou pa Bondye.

1 Timothy 4:3Y'ap plede di sa pa bon pou moun marye, gen kalite manje moun pa gen dwa manje. Men, se Bondye ki kreye manje sa yo pou moun ki gen konfyans nan li epi ki rive konn verite a ka manje lè yo fin di Bondye mèsi.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Daniel 11:37

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Daniel 11:36Daniel 11Daniel 11:38 →