The Bible Software
bible.software › Daniel › Daniel 11 › Daniel 11:40

Daniel 11:40

Lè tan wa Siri a pral bout, wa Lejip la pral atake l'. Wa Siri a pral vare sou li tankou yon van siklòn, li pral mache sou li ak tout cha lagè li yo, tout kavalye l' yo ak anpil batiman. L'ap anvayi anpil peyi, l'ap tankou yon gwo larivyè k'ap desann.

Bib La

In The King James Version

And at the time of the end shall the king of the south push at him: and the king of the north shall come against him like a whirlwind, with chariots, and with horsemen, and with many ships; and he shall enter into the countries, and shall overflow and pass over.

In Context

39Pou defann fò li yo, l'ap pran moun ki sèvi lòt bondye pou sèvi sòlda. Depi yon moun rekonèt li pou wa, l'ap fè bèl bagay pou li, l'ap mete l' chèf sou anpil moun, l'ap ba li tè pou rekonpans.

41L'ap anvayi pi bèl peyi ki sou latè a, l'ap touye yon pakèt moun. Men, moun peyi Edon, moun peyi Moab ak rès moun peyi Amon yo va chape anba men l'.

Read all of Daniel 11

Cross References

Isaiah 21:1Men mesaj Bondye bay sou plenn bò lanmè a, nan peyi Babilòn: -Tankou yon van siklòn k'ap bale dezè Negèv la, yon gwo malè pral soti nan peyi san manman yo.

Jeremiah 4:13Gade! Men lènmi yo ap vini tankou nwaj nan syèl la. Cha lagè yo tankou yon van siklòn. Chwal yo pi rapid pase malfini. Zafè nou pa bon! Y'ap fini ak nou!

Ezekiel 38:9L'a moute vin atake yo ansanm ak tout lame li ak tout kantite moun lòt nasyon ki avè l' yo. L'ap tankou yon van tanpèt. L'ap kouvri tout peyi a tankou yon gwo nwaj.

Daniel 8:17Gabriyèl pwoche bò kote m' te ye a. Mwen te sitèlman pè mwen tonbe fas atè. Li di m' konsa: -Nonm o! Konprann byen: Vizyon an fè ou konnen ki jan sa pral fini sou latè.

Daniel 11:10Pitit gason wa peyi Siri a pral pare pou y' al goumen. Y'ap sanble yon gwo lame ak anpil sòlda. Yonn ladan yo pral parèt tankou yon gwo larivyè k'ap desann. L'ap travèse fwontyè a, l'ap atake yon fò lènmi epi l'ap kouri tounen lakay yo.

Daniel 11:26Zanmi ki t'ap manje sou menm tab avè l' yo ap fè yo fini avè l'. Anpil nan sòlda li yo pral mouri. Y'ap kraze lame li a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Daniel 11:40

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Daniel 11:39Daniel 11Daniel 11:41 →