Daniel 8:17
Gabriyèl pwoche bò kote m' te ye a. Mwen te sitèlman pè mwen tonbe fas atè. Li di m' konsa: -Nonm o! Konprann byen: Vizyon an fè ou konnen ki jan sa pral fini sou latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 1:28Li te nan mitan yon limyè tout koulè tankou lakansyèl yon jou lapli. Gwo bèl limyè sa a te fè m' konprann se Seyè a ki te parèt devan m'. Lè mwen wè sa, mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè. Lèfini mwen tande yon vwa moun k'ap pale.
Ezekiel 6:2-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn peyi Izrayèl yo. Bay moun yo mesaj mwen ba ou pou yo a.
Daniel 8:15Mwen t'ap chache konprann sa vizyon an te vle di, lè mwen rete konsa mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun kanpe devan m'.
Daniel 9:23Depi lè ou te fèk konmanse ap lapriyè nan pye Bondye a, li te gen tan reponn ou. Se mesaj sa a mwen vin fè ou konnen. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Koulye a, louvri zòrèy ou pou ou ka konprann sans vizyon an byen.
Daniel 10:7Se mwen menm sèlman ki te wè vizyon an. Lòt moun ki te avè m' yo pa t' wè anyen. Men yo te pè, yo te kouri al kache.
Daniel 10:16Lè sa a, zanj ki te gen fòm yon moun lan lonje men l', li manyen po bouch mwen. Mwen louvri bouch mwen pale, mwen di zanj ki te kanpe devan m' lan: -Mèt, vizyon an fè m' pè, m' pèdi tout fòs mwen, kè m' sere!