Daniel 2:47
Wa a di Danyèl konsa: -Se vre wi! Bondye ou la gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo. Se li ki chèf tout wa, se li menm ki fè moun konnen sekrè ki kache, depi ou te ka fè m' konprann sans rèv mwen te fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 41:39Farawon an di Jozèf: -Gade tout bagay Bondye fè ou konnen! Pa gen pesonn ki gen plis lespri, osinon plis bon konprann pase ou.
Joshua 22:22-Seyè a, Bondye ki gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, konnen se pa paske nou leve kont li, ni paske nou vle vire do ba li kifè nou bati lotèl sa a. Li konnen sa, epi se pou l' fè pèp Izrayèl la konn sa tou. Si se pou rezon sa yo nou te moute lotèl sa a, se pou l' kite yo touye nou jòdi a menm.
Job 12:19Li fè prèt yo mache pye atè. Li mete gwo zotobre atè!
Psalms 72:11Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l'.
Psalms 96:4Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo.
Proverbs 8:15Se mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande. Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis.